Перейти к содержимому

SOFONI SEZI WÈ ROJE LIBERE BENJAMIN 😱 | LOUTCHINA AK BITO DAKÒ | LANMOU ENTÈDI S4 EP6 Feyton 2026

Tele show9

0:00 / 0:00

SOFONI SEZI WÈ ROJE LIBERE BENJAMIN 😱 | LOUTCHINA AK BITO DAKÒ | LANMOU ENTÈDI S4 EP6 Feyton 2026

185 322 просмотра · 14 часов назад
Tele show9
147 тыс. подписчиков
185 322 просмотра · 14 часов назад
#LanmouEntèdi #LanmouEntèdiSezon4 #Episode6 #FeytonAyisyen #FilmAyisyen #SerieAyisyen #DramaAyisyen #Benjamin #Sofoni #Roje #Katiana #Bito #Loutchina #TeleShow9 #HaitianSeries #HaitianDrama #Haiti LANMOU ENTÈDI – SEZON 4 EPIZÒD 6 🔥 Verite, padon ak trayizon ap chanje tout bagay! 😱 Roje deside teste Katiana pou konnen si li toujou gen santiman pou li. Men Katiana pa ezite mete Roje nan plas li! Li fè l konprann li pap janm trayi zanmitay li ak Madanm Roje. Lè Katiana finalman aprann se te yon tès, konfyans ant yo vin pi solid pase tout tan. ❤️ Pandan sa, Sofoni kontinye kwè sekirite a pral ede l soti, san li pa konnen mesye a ap ba li fo espwa. Sofoni deja ap reve jou li pral kite prizon an pandan Benjamin ap rete dèyè… Men li pa konnen sa k ap prepare pou li! 👀 Benjamin voye yon lèt bay Roje, mande l padon epi envite l vin pale avè l. Lè Roje rive, Benjamin rakonte doulè lavi li: li pèdi madanm li ak twa pitit li nan tranblemanntè 2010 la, li pèdi paran li, epi lavi difisil li te mennen an te pouse l viv izole nan forè a. Roje tande tout istwa Benjamin, pran pitye pou li epi pran yon desizyon Sofoni pa t ap janm imajine… 🔥 ROJE AKSEPTE EDE BENJAMIN SOTI! Yon lòt bò, Loutchina ap prepare pou pase 3 mwa Etazini, men yon sèl kestyon ap boulvèse l: kijan relasyon li ak Bito pral ye pandan tout tan sa? 💔✈️ Epi moman Sofoni pa t prepare pou li a rive… Pandan li deyò ap lave veso, li wè Roje ap vini ak Benjamin. 😳 Sofoni rete sezi. Benjamin gade l epi li di sèlman: “Mèsi, Sofoni.” 💥 BOOM! FIN EPIZÒD 6! Kisa Benjamin pral fè apre li soti? 😱 Èske Sofoni pral konprann sekirite a ap twonpe l? 🔥 Èske Benjamin pral pran revanj sou Sofoni? ❤️ E kisa ki pral rive Bito ak Loutchina pandan vwayaj la? 👉 Abòne ak chanèl la, aktive klòch la 🔔 epi pataje epizòd la. 💬 Di nou nan kòmantè yo: Èske Roje te gen rezon padone Benjamin?