KISA « PEN CHAK JOU » A VLE DI?
La Bonne Part (LBP)
0:00 / 0:00
KISA « PEN CHAK JOU » A VLE DI?
27 просмотров · 3 дня назад
La Bonne Part (LBP)
43 подписчика
27 просмотров · 3 дня назад
Nan meditasyon sa a ki baze sou Matye 6:9-13, nou kontinye antre pi fon nan priyè « Papa nou » an, priyè Jezi Kris te anseye disip li yo.
Kisa Jezi vle di lè li di : « Ban nou jodi a pen nou bezwen chak jou »?
Poukisa li di « ban nou » olye li ta di sèlman « ban mwen »?
Nan ansèyman sa a, nou pral antre pi fon nan plizyè verite enpòtan :
🔹 Padon pou ofans nou yo — Nou pa sèlman mande Bondye padon pou pwòp peche nou, men nou aprann tou pou nou kanpe nan lapriyè pou frè ak sè nou yo, pou kò Kris la ak pou nasyon nou an, menm jan Danyèl te fè sa nan Danyèl 9.
🔹 Padone moun ki ofanse nou — Lè nou padone, nou koupe kòd ki te kapab kontinye mare nou ak blesi ak doulè moun nan te lakòz nou. Lè nou pa padone, se nou menm ki kontinye ap soufri.
🔹 Pa kite nou tonbe nan tantasyon — Nou mande Bondye pou l ede nou rete nan limit li fikse pou nou, pou feblès nou yo pa mennen nou nan peche epi pou nou pa egare lwen volonte li.
🔹 Delivre nou anba mal la — Nou mande Bondye pou l pwoteje nou anba pyèj ènmi an, anba move enfliyans ak anba tout bagay ki pa bay non Jezi glwa.
🔹 Se pou ou wayòm nan, pouvwa a ak glwa a — Nou rekonèt se Bondye ki gen tout otorite. Se li ki Wa. Nou menm, nou ap viv nan Wayòm li an e nou dwe viv dapre valè Wayòm li an.
🙏 Lè nou konprann priyè sa a, nou konprann nou pa la sèlman pou nou repete pawòl Jezi yo, men pou nou aprann viv prensip ki dèyè chak pawòl li te anseye nou yo.