LANMOU SAN PÈMISYON❤️SEZON 2 EPIZÒD:10😱Gwo Revelasyon Naïka Loreyat🥰Pitit Moun Pòv Ak Moun Rich
Reyalite Pam Show
0:00 / 0:00
LANMOU SAN PÈMISYON❤️SEZON 2 EPIZÒD:10😱Gwo Revelasyon Naïka Loreyat🥰Pitit Moun Pòv Ak Moun Rich
42 086 просмотров · 6 ч назад
Reyalite Pam Show
46,7 тыс. подписчиков
42 086 просмотров · 6 ч назад
#LanmouSanPemisyon #ReyalitePamShow #FeytonAyisyen #SerieHaitienne #HaitianDrama #Sezon2 #Epizod10 #NaikaAkRikado #EgzamenLeta #HaitianSeries #FilmHaitien #Lanmou
LANMOU SAN PÈMISYON
SEZON 2 — EPIZÒD 10 | GRAN FINAL 🔥
Lanmou, fyète, jalouzi, sekrè ak gwo sipriz! Nan dènye epizòd Sezon 2 a, lavi plizyè fanmi pral pran yon direksyon pèsonn pa t imajine.
Manman Rikado pa deside abandone batay li a! Malgre tout opozisyon li rankontre, li pran machin li pou kont li, li travèse wout difisil nan mòn Ayiti pou l al jwenn yon granmoun misterye ki rete nan yon ti kay izole sou tèt yon mòn.
Li vle granmoun nan rele lwa pou li, men mesye a refize travay san li pa konnen vrè entansyon li. Manman Rikado pèdi pasyans, li pale ak granmoun nan avèk awogans. Anvan li pati, granmoun nan lage yon pawòl ki ka gen anpil konsekans pou lavni li:
«Pitit mwen, imilite presede laglwa. Pa janm bliye figi m nan!»
Pandanstan, Rikado ap pase bèl moman ak grann li, Madam Gi, ki kontinye montre l lanmou ak sipò li bezwen. Yo fè makèt ansanm, yo pataje yon bèl repa nan restoran, epi grann li kontinye ba li konsèy pou lavi.
Yon lòt bò, lakay Naïka, lajwa anvayi fanmi an. Yoland ak Samuel prepare yon gwo repa pou pitit fi yo. Maryam ak papa l vin jwenn yo, epi tout moun reyini bò yon bèl tab manje. Se yon moman plen lanmou, respè ak benediksyon.
Men yon nouvèl pral chanje anbyans lan!
Rezilta egzamen Leta yo soti!
Nan direksyon lekòl la, direktè a anonse yon gwo viktwa: 80% elèv yo reyisi. Li felisite Pwofesè Patrik ak tout ekip li a epi li anonse yon gwo rekonpans pou premye ak dezyèm loreya lekòl la.
Nan lari yo, elèv yo ap selebre ak anpil lajwa. Rikado voye yon mesaj bay Naïka pou fè l konnen rezilta yo disponib. Naïka ak Maryam vin tèlman eksite, yo prese pou yo konnen rezilta pa yo.
Men se nan biwo direktè a gwo sispans lan kòmanse!
Rikado ak Naïka chita devan direktè a. Figi yo sere, kè yo ap bat. Direktè a pran de fèy rezilta yo, li gade yo avèk yon ekspresyon serye, yon ti jan tris.
Li di yo:
«Rikado… Naïka… Men rezilta egzamen nou yo.»
De jèn yo rete sezi!
Èske Naïka reyisi egzamen Leta a? Èske Rikado reyisi tou? Kiyès ki premye loreya lekòl la? Poukisa direktè a gen figi sere konsa?
Repons yo ap tann nou nan…
À SUIVRE — LANMOU SAN PÈMISYON, SEZON 3, EPIZÒD 1! 🔥❤️