Althiery Dorival - Men bwa (album complet) | Twoubadou
509 Mizik City
0:00 / 0:00
Althiery Dorival - Men bwa (album complet) | Twoubadou
396 просмотров · 2 года назад
509 Mizik City
10,1 тыс. подписчиков
396 просмотров · 2 года назад
Listwa fè nou konnen ke Twoubado se yon stil mizikal ki soti na peyi kiba nan komansman ventyèm syèk la, men yo konsidere Twoubadou a kòm yon mizik Ayiti. Nou pa ka konfime orijin Twoubadou a, men toujou selon sa listwa rapote nou, Twoubadou a pran nesans li nan vwayaj ayisyen ki te ale nan peyi Kiba pou ale travay nan chan kann nan komansman 20è syèk la. Donk se yon mizik peyizan. Enstriman ke yo te konn itilize pou jwe stil mizik sa se enstriman ke yo te ka pote, tankou bandjo, gray, tchatcha, akòdeyon, epi tambûr (atansyon, se pa yon tanbou li ye, men yo enstriman kòd ki pwodi son yon gita bas). Tambûr a pa vrèman popilè anndan peyi ayiti paske li vin ranplase pa yon lòt enstriman an bwat ki pwodi menm son gita bas la.
Nan mitan ane 1960 yo, konpa ak zouk pral pran plas Twoubadou. Se jis nan fen ane 90 e komansman ane 2000 yo ke li te pral refè sifas, sitou , epi pou li kite plas anko ak konpa, plis mizik hip-hop.