Men chak kilè Youtube fè Payroll
FlashUp Motivation & Tech
0:00 / 0:00
Men chak kilè Youtube fè Payroll
1 647 просмотров · 3 нед. назад
FlashUp Motivation & Tech
41,2 тыс. подписчиков
1 647 просмотров · 3 нед. назад
Kijan pou resevwa premye peman YouTube ou sou kont labank ou? Nan videyo sa a, mwen eksplike w de A rive nan Z kijan sistèm peman YouTube ak Google AdSense fonksyone, depi premye dola ki monte nan YouTube Studio rive nan transfè final la.
Si chanèl ou fèk monetize nan Pwogram Patnè YouTube (YPP) oswa si w ap mande tèt ou poukisa ou poko touche lajan w, videyo sa a se gid konplè w bezwen pou evite tout erè ak blokaj administratif.
---
📲 REJWENN KOMINOTE WHATSAPP NOU AN :
Antre nan kominote a pou poze kesyon w dirèkteman, jwenn èd sou YouTube, epi benefisye fòmasyon ak konsèy gratis :
👉 Klike la a pou w rantre : https://chat.whatsapp.com/EcyBLftHjxe...
---
📌 SA NOU WÈ NAN VIDEYO SA A (ETAP PA ETAP) :
1. Verifikasyon Idantite ($10) : Dokiman ak foto ou dwe voye sou AdSense nan delè 45 jou pou monatizasyon an pa sispann.
2. Verifikasyon Adrès (Kòd PIN) : Resevwa lèt 6 chif Google la pa lapòs nan 2 a 4 semèn, ak kisa pou fè si kòd la pa janm rive.
3. Fòm Fiskal (Tax Information) : Kijan pou soumèt enfòmasyon taks Etazini yo kòrèkteman.
4. Ajoute Metòd Peman : Virement labank, transfè elektwonik oswa chèk (disponiblite ant 7 pou rive 12 nan mwa a).
5. Seuil de Paiement ($100) : Kantite minimòm lajan ou dwe genyen pou YouTube voye transfè a.
6. Dat Peman Ofisyèl : Poukisa peman yo fèt ant 21 pou rive 26 nan mwa ki vini apre a.
7. Diferans Lajan YouTube Studio vs AdSense : Eksplikasyon sou trafik envalid, taks, ak to dechanj.
---
⏱️ CHAPIT (TIMESTAMPS) :
00:00 - Entwodiksyon : Kijan peman YouTube fonksyone
01:48 - Wòl Google AdSense nan monetizasyon YouTube
02:38 - Etap 1 : Verifikasyon Idantite ($10 & delè 45 jou)
03:51 - Etap 2 : Verifikasyon Adrès ak Kòd PIN (2-4 semèn)
06:01 - Etap 3 : Rantre enfòmasyon fiskal (Taks)
06:56 - Etap 4 : Ajoute metòd peman sou kont labank
08:43 - Etap 5 : Rive nan limit $100 (Payment Threshold)
09:35 - Kilè YouTube peye? (Peman ant 21 ak 26 nan mwa a)
10:24 - Konbyen tan transfè a pran pou rive sou kont ou?
11:46 - Poukisa lajan YouTube Studio a diferan de sa w resevwa a?
13:17 - Kesyon taks 30% ak konklizyon
---
💬 Kesyon pou ou : Èske w vle mwen fè yon videyo espesyal sou kòman pou jere kesyon 30% taks la? Ekri "TAXE" nan kòmantè yo!
🔔 Pa bliye LIKE videyo a, ABÒNE ak chanèl FlashUp Motivation & Tech la epi aktive klòch notifikasyon an pou pa rate okenn videyo sou YouTube ak teknoloji!
#YouTubeKreyol #GoogleAdSense #MonetizasyonYouTube #FlashUpMotivationTech #PemanYouTube #KòdPINAdSense #KreyatèKreyòl
```