ALBA : Yon nouvo òganizasyon fè antre sou sèn sosyo-politik ayisyen an.
Radio Television Caraïbes
0:00 / 0:00
ALBA : Yon nouvo òganizasyon fè antre sou sèn sosyo-politik ayisyen an.
463 просмотра · 1 день назад
Radio Television Caraïbes
554 тыс. подписчиков
463 просмотра · 1 день назад
Yon nouvo òganizasyon fè antre li sou sèn sosyo-politik ayisyen an. ALBA, "Alliance des Leaders du Bas Artibonite", lanse ofisyèlman aktivite li yo jedi 24 septanm 2026, nan lokalite Séguin, nan senkyèm seksyon kominal Saint-Marc.
Lansman an dewoule devan yon gwo foul moun, pami yo manm, patizan ak senpatizan òganizasyon an.
Nan okazyon an, kowòdonatè ALBA a, Francky Noël, prezante komite òganizasyon an, ansanm ak vizyon ak misyon li. Nan diskou li, li mete aksan sou angajman òganizasyon an anvè kominote yo, jèn yo, peyizan yo ak lòt sektè nan sosyete a.
Dapre responsab ALBA yo, òganizasyon an vize pote kontribisyon pa li nan devlopman kominote yo epi ankouraje pi gwo patisipasyon sitwayen nan lavi sosyo-politik peyi a.