Перейти к содержимому

Solidarité Laïque mete fen nan 5 jounen fòmasyon sou ris ak Dezas

Cayes Infos

0:00 / 0:00

Solidarité Laïque mete fen nan 5 jounen fòmasyon sou ris ak Dezas

175 просмотров · 12 дней назад
Cayes Infos
14 подписчиков
175 просмотров · 12 дней назад
Solidarite Layik ak patnè li COHAIV (Coalition haïtienne des volontaires) ki jwenn soutyen direksyon jeneral pwoteksyon sivil reyalize yon semèn fòmasyon sou jesyon risk ak dezas, premye sekou pou 37 lekòl nan rejyon Sid la. Fòmasyon sa ki klotire 11 septanm te demare 7 septanm 2026 pase, Bananye, Komin Kanperen avèk patisipasyon 25 animatè ak reprezantan 37 lekòl ki twouve nan Sid, Nip ak Grandans. Avèk pou objektif amelyore kapasite rezilyans kominote yo nan Gransid fas ak katastròf natirèl yo, se yon inisyativ ki antre nan kad egzekisyon pwojè «lekòl, vektè chanjman sosyal ak rezilyans nan peyi a- Faz 2» ak «lekòl piblik nan kè chanjman sosyal ak rezilyans nan peyi a», ki jwenn finansman nan men Ajans Fransèz Devlòpman (AFD), vil Nant ak Unicef 🖊️: Jivens Laguerre