Wi mwen kwè nan Bondye a
Rod Nicolas
0:00 / 0:00
Wi mwen kwè nan Bondye a
28 556 просмотров · 8 месяцев назад
Rod Nicolas
5,29 тыс. подписчиков
28 556 просмотров · 8 месяцев назад
Wi mwen kwè nan Bondye a
Se li ki mèt lavi mwen
Mwen deja fin sètifye
Sa l di se verite.
Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa,
E mèt syèl la ak tè a,
Li fè tout sa nou wè
E li fè tout sa je pa ka wè.
Tout sa l kreye yo la
Yo depase tout pou vwa lèzòm genyen
Pèsonn pa di m anyen
Map kenbe lafwa m jiska lafen.
Mwen kwè gen Jezi Kri, li se Granmèt
E se sèl pitit Papa a
Ki la depi tou tan
E l se Bondye ki sot nan Bondye.
Li te vin sou tè a e l te pase
Kèk bon lane pami nou.
Se lanmò li sou kwa a
Kap pèmèt nou rive nan syèl la.
Mwen kwè gen Lespri Sen,
Li te pale lè pwofèt yo tap pale.
Se li kap met dife
Kap pèmèt pèp Bondye a vanse.
Lap simaye lanmou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la
Map tann tou mò leve,
Map tann lavi kap vini an.
#haitiancatholic #musiquecatholique #mizikkatolik #pititmanmanmaritv #napregletoutbagayanchantan #songcatholic #credo #catholique #catholic #katolik #catholicadoration #catholica #prayer