Yon sèl Lespri
Rod Nicolas
0:00 / 0:00
Yon sèl Lespri
5 644 просмотра · 3 месяца назад
Rod Nicolas
5,28 тыс. подписчиков
5 644 просмотра · 3 месяца назад
Kò Jezikri
Yon sèl Lespri divès kalite don,
Se yon sèl kò nou fòme ansanm.
Bondye se twa ki fè youn,
Papa Pitit ak Lespri a.
Wi mezanmi, ala yon mèvèy sa.
Nou di se kretyen nou ye,
Sa vle di nou tout fè yon sèl.
Men pouki sa youn ap dechire lòt.
Kretyen, nou tout nou se frè.
Nou fome yon kokenn fanmi.
Nou pa gen dwa ap viv, chen manje chen.
Wi sa se yon eskandal pou kretyen
Pa kapab antann yo. Nan kò Kris la
Pa dwe gen dezakò.
Yon sèl JezI-Kri, yon sèl kò.
Legiz ki reyini manb yo.
Yon sèl Lespri k'ap fè tout kò ap viv.
Nan yon kò pa gen egoyis
Chak manm dwe toujou sèvi ak lòt
Sa youn genyen se pou byen tout kò a.
#holyspirit #espritsaint #saintetrinite #katolik #catholicchurch #catholique #napregletoutbagayanchantan #catholicprayer #saintesprit #pentecote #pentecost #pentecôte #confirmation #sacrement