Перейти к содержимому

#053Yon jou avan kouche solèy

VLJT

0:00 / 0:00

#053Yon jou avan kouche solèy

898 просмотров · 2 года назад
VLJT
11,4 тыс. подписчиков
898 просмотров · 2 года назад
Yon jou avan kouché solèy, Anpil malad té rété la Dévan Jézi, nan gran doulè. Byento yo alé avèk jwa. 2. Yon fwa ankò sé aswè tou, E nou pwoché bò Jézi-Kri. Sényè, si nou pa wè kò Ou, Nou kwè Ou isit an éspri. 3. O Sovè, chase tout malè. Gen pami nou moun ki soufran, E lòt ki tris, ou nan mizè; Lòt kap soufri nan men Satan. 4. Lé monn twonpé jenn jan ak fi, E yo rété ladann toujou! Gen moun ki gen move zanmi, Poutan yo pa vlé vi-n jwenn Ou! 5. E tout moun yo bézwen la pè, Sové dé tout bagay ki fo. Men moun yo kap swiv Ou pi pré, Santi péché andan kè yo! 6. O Sovè Kris, Ou sé moun tou. Lè sou la tè Ou té yon nonm, Ou té grangou ak tanté tou. Ou konn sa ki nan kè lè zòm. 7. Men Ou gen toujou menm pwisans, Pawòl Ou genyen fòs toujou. Béni nou tout an abondans, E aswè a vi-n géri nou.