SAMELDITH — LOUVRI JE M (Official Music Video)
Sameldith
0:00 / 0:00
SAMELDITH — LOUVRI JE M (Official Music Video)
583 просмотра · 2 дня назад
Sameldith
266 подписчиков
583 просмотра · 2 дня назад
Louvri Je M’ se yon kri pou reveye espirityèlman. Yon kri pou sòti nan fènwa, fikse je nou sou Bondye epi rekonèt kiyès nou ye toutbon vre: PITIT BONDYE.
Mwen swete mesaj Louvri Je M’ lan kapab touche kè nou, ede nou reflechi sou relasyon nou ak Bondye, epi raple nou pou nou toujou mache nan limyè Li.
📖 2 Korentyen 4:3-6
🎧 KOUTE “LOUVRI JE M’” SOU TOUT PLATFÒM YO: https://distrokid.com/hyperfollow/sam...
🎶 LOUVRI JE M’ — LYRICS
M santi m fè anpil tan ap ap layite nan fènwa
Lèm refize mete m nan kondisyon sèvi Bondye
Lèm kite tout abitid nan mond lan enfliyanse m
Louvri je m pou m ka wè,
Louvri je m pou mwen wè,
kote m ye a pou mwen.
Louvri je mwen(3X)
Kote m ye a pa pou mwen
Mwen pa vle tankou yo
K ap viv men ki pa la
Ki gen je ki pa we
Zorèy ki pa tande,
Mwen pa vle tankou yo, pa vle viv tankou yo
Ou rele m pou m diferan,
Ou rele m pou limyè, mwen pa vle rete nan fènwa (non)
Retire m nan fènwa sa.
Mwen vle pou je mwen fikse sou ou nèt ale (nèt ale)
Vle pou zòrèy mwen sansib pou tande lè w pale, (lèw pale)
Vle pou bouch mwen preche pawòl ou vle m pale (pawòl ou vle m pale)
Vle pou pye mwen yo mache sou wout ou vle m ale (kote ou vle m ale)
Mwen se pitit BONDYE
Pap bliye kiyès mwen ye
Lènmi pap fèm ebranle
M gen pouvwa, otorite
Mwen se pitit Bondye
Limyè nan mwen dwe briye
Se lajwa, lapè m pote
Tout kote mwen pase
AAAAAAAAAAA(2X)
Mwen vle pou je mwen fikse sou ou nèt ale
🎵 CREDITS
Artist: Sameldith
Written by: Sameldith JEAN-BAPTISTE
Saxophonist: Shalomson LAMY
Produced by: DANYBEAT (Daniel BENOIT)
Mixed & Mastered by: DANYBEAT
Video Production/Edit: Adonis Film/ Davidson CHERY
Creative& Branding: IDENSTRA AGENCY