Перейти к содержимому

Eske Nou Pa Wont Dirijan Ayisyen? | Kote Konsyans Nou Chef Haiti? — SoleyHayti

Soley Hayti Studios

0:00 / 0:00

Eske Nou Pa Wont Dirijan Ayisyen? | Kote Konsyans Nou Chef Haiti? — SoleyHayti

126 просмотров · 5 дн. назад
Soley Hayti Studios
46 подписчиков
126 просмотров · 5 дн. назад
Eske Nou Pa Wont Dirijan Ayisyen? | Kote Konsyans Nou Chef Haiti? — Mizik Soley Hayti    • Eske Nou Pa Wont Dirijan Ayisyen? | Kote K...   ****************************** Kote konsyans nou? Yon chante ki poze yon kestyon sou memwa, diyite ak responsablite. Koute « Eske Nou Pa Wont? » pa SoleyHayti sou chanèl Soley Hayti Studio. SoleyHayti envite nou reflechi sou fason nou trete frè ak sè nou yo, sou sakrifis zansèt yo ak sou chwa nou fè pou peyi nou. Se yon chante angaje ki pale nan lang konsyans. Pawòl yo se ekspresyon atistik atis la. Imaj yo se ilistrasyon senbolik; yo pa achiv istorik oswa prèv sou evènman aktyèl. Ki pawòl nan chante a ki fè w poze tèt ou plis kestyon? Ekri panse w nan kòmantè yo ak respè. Abòne ak Soley Hayti Studio epi pataje chante a ak yon moun ki renmen mizik refleksyon an kreyòl. Tit chante: Eske Nou Pa Wont? Atis: SoleyHayti Chanèl / estidyo: Soley Hayti Studio Lang: Kreyòl ayisyen Visit Soley Hayti Youtube Channel and Subscribe Like and Share:    / soleyhayti - topic   ___________________________ Imaj yo kreye ak entèlijans atifisyèl pou akonpaye mesaj chante a. Moun ki parèt yo se pèsonaj fiktif. #KoteKonsyansNou #SoleyHayti #MizikAyisyen #Haitian #HaitianMusic #HaytiAfrica #ayiti ************************** Lyrics; *Tit:* “Eske Nou Pa Wont?” *Vès 1* Yo te koupe pye nou, Yo te koupe bra nou Fiziye nou, nwaye nou, Bouch Zansèt nou yo te fèmen Yo te Sye nou nan mitan bwa, Yo te antere nou tou kanpe Pou bet ak foumi manje nou tou vivan Yo te depatcha kò nou nan siplis wou *Chorè* Eske nou pa wont? Lè nou pa gade tout moun kòm frè nou Se zansèt nou yo ki te soufri nan esklavaj Sa yo te sakrifye pou nou te ka gen libète Eske nou pa wont? Zansèt yo ap rele nan san nou N ap vann peyi eritaj sa pou fatra Bay moun ki te touye maman ak papa nou x2 *Pre Verse 2* Nou te kiltive manje pou mèt yo Batay ak kolon, batay kont lame ènmi Revolisyon nan kè nou, lagè nan san nou Se Tout sa zansèt nou yo te pase Pou jodi a nou lage peyi a Nnan men moun ki pa gen remò Bay moun sa yo ki te touye maman ak papa nou x2 *Chorè* Eske nou pa wont? Lè nou pa gade tout moun kòm frè nou Se zansèt nou yo ki te soufri nan esklavaj Sa yo te sakrifye pou nou te ka gen libète Eske nou pa wont? Zansèt yo ap rele nan san nou N ap vann peyi eritaj sa pou fatra Bay moun ki te touye maman ak papa nou x2 *Vès 2* Kote konsyans nou? Nou vle fè pase tèt pou bon moun Pandan n ap krache sou sa yo k ap soufri De fwa: inyorans ak avidite Nèg lakay ap gade, kè sere, je louvri Tandiske nou fè kòm si nou pa wè Nou salye drapo a chak jou, Men nou bliye moun ki te mouri pou li yo *Chorè* Eske nou pa wont? Lè nou pa gade tout moun kòm frè nou Se zansèt nou yo ki te soufri nan esklavaj Sa yo te sakrifye pou nou te ka gen libète Eske nou pa wont? Zansèt yo ap rele nan san nou N ap vann peyi eritaj sa pou fatra Bay moun ki te touye maman ak papa noux2 *Pon* Si san zansèt yo te plante libète Ki pinisyon nou ta merite Pou vòl, pou san nou vèse, Pou tout krim, ak trayizon? Ayiti ap gade nou Bann san wont Ki lage peyi a bay menm moun Ki te touye maman nou ak papa nou *Vès 3* Tout sa ki nan tèt nou Se pou nou piye ak vole Apre tout sa zansèt yo te pase Se pou nou ta leve, sonje, epi defann peyi ya kont enmi li yo Men nou vire do bay verite a Nou p ap janm bon moun devan listwa Paske istwa a pap janm bliye Li kenbe non, li kenbe foto, li kenbe wont *Chorè final* Eske nou pa wont? Lè nou pa gade tout moun kòm frè nou Se zansèt nou yo ki te soufri nan esklavaj Sa yo te sakrifye pou nou te ka gen libète Eske nou pa wont? Zansèt yo ap rele nan san nou N ap vann peyi eritaj sa pou fatra Bay moun ki te touye maman ak papa nou x2 *Outro* Leve konsyans Pa lage memwa Chak jenerasyon dwe reponn: Eske nou pa wont? Eske nou pa wont? Ayiti ap tann repons nou Eske nou pa wont? Zansèt yo ap rele nan san nou N ap vann peyi eritaj sa pou fatra ****************************************** Eske Nou Pa Wont? | Kote Konsyans Nou? — SoleyHayti Bay moun ki te touye maman ak papa nou x3