Перейти к содержимому

Jétry Dumont: Poukisa li retounen Ayiti? Istwa AyiboPost

naomie labaty

0:00 / 0:00

Jétry Dumont: Poukisa li retounen Ayiti? Istwa AyiboPost

8 895 просмотров · 21 ч назад
naomie labaty
2,23 тыс. подписчиков
8 895 просмотров · 21 ч назад
Poukisa yon moun ta chwazi kite Etazini pou l retounen viv Ayiti? E kisa sa mande pou konstwi yon medya endepandan nan yon peyi tankou pa nou an? Nan epizòd ANDEDAN sa a, mwen chita pale ak Jétry Dumont, youn nan moun ki dèyè AyiboPost. Nou remonte nan kòmansman pakou li, nou pale sou eksperyans li Ozetazini, desizyon li pran pou l retounen Ayiti, ak sikonstans ki mennen nan nesans AyiboPost an 2014. Nou antre tou nan travay jounalis la: ankèt, rechèch laverite, responsablite anvè piblik la, ak tout difikilte ki vini ak volonte pou fè yon travay serye nan yon anviwònman ki pa toujou favorab. Men, pi lwen pase AyiboPost, se moun nan mwen te vle dekouvri. Kisa ki anime Jétry? Ki rapò li genyen ak Ayiti? Kisa ki fè l rete, kisa ki ba l espwa, e kijan eksperyans li fòme fason li wè peyi a? Se kalite konvèsasyon sa yo mwen vle kontinye fè nan ANDEDAN. Pran tan pou nou koute, poze kesyon, konprann moun yo nan tout konpleksite yo, epi konsève yon tras vwa ak eksperyans ayisyen yo. Mwen espere konvèsasyon sa a ap fè nou reflechi, petèt menm poze kèk lòt kesyon. Byenveni ANDEDAN. Abòne ak chanèl la:    / @naomielabaty   #ANDEDAN #JetryDumont #AyiboPost #Ayiti #NoubèlNoula