🚤 Nou pran bato poun' ale sou yon plaj kache anfas vil Jacmel | Anse Bagette.
SE Explorer
0:00 / 0:00
🚤 Nou pran bato poun' ale sou yon plaj kache anfas vil Jacmel | Anse Bagette.
3 390 просмотров · 2 месяца назад
SE Explorer
4,92 тыс. подписчиков
3 390 просмотров · 2 месяца назад
Anse Bagette se youn nan plaj ki pi bèl e ki pi kache nan Jakmèl. Li chita anfas sant vil Jacmel, sou bò gòch lè w ap sòti nan Lanmè Karayib la pou antre nan Bè Jakmèl.
Pou rive sou plaj sa a, sa pa fasil ditou. Pa gen wout pou machin oswa motosiklèt mennen moun la. Gen sèlman de fason pou rive: swa ou mache atravè tèt mòn yo, oswa ou pran bato pou travèse lanmè a.
Nan videyo sa a, mwen chwazi fè vwayaj la pa lanmè. Malgre lanmè a pa t twò kalm, travèse a te dire anviwon 10 minit, epi lè nou rive, bote Anse Bagette fè nou bliye tout efò nou te fè.
Sa se dezyèm fwa mwen vizite plaj sa a. Premye fwa a, mwen te rive apye, men fwa sa a mwen te vle montre nou eksperyans yon vwayaj pa bato pou nou ka wè bote kòt Jacmel la sou yon lòt ang.
Si ou renmen dekouvri kote ki pa twò konnen an Ayiti, plaj natirèl, avanti ak bèl peyizaj, videyo sa a ap fè w plezi.
👉 Pa bliye:
👍 Like videyo a
💬 Kite yon kòmantè
🔁 Pataje videyo a ak zanmi w yo
🔔 Abòne ak SE EXPLORER pou pa rate lòt dekouvèt atravè Ayiti.
#AnseBagette #Jacmel #SEExplorer #Plage #Ayiti #Haiti #Beach #Adventure #Tourisme #Découverte #Bato #SudEst #Karayib
• Vin dekouvri BAGÈT, yon kote kache nan Jak...