Перейти к содержимому

LAVI AYISYEN NAN SAINT-DOMINGUE — EPIZÒD 2, POLIS KANPE SAMY A 10H PM… toque de queda | Avoka Marc.

Lavi Ayisyen Saint-Domingue Officiel

0:00 / 0:00

LAVI AYISYEN NAN SAINT-DOMINGUE — EPIZÒD 2, POLIS KANPE SAMY A 10H PM… toque de queda | Avoka Marc.

334 просмотра · 12 дней назад
Lavi Ayisyen Saint-Domingue Officiel
74 подписчика
334 просмотра · 12 дней назад
LAVI AYISYEN NAN SAINT-DOMINGUE — EPIZÒD 2. Aprè premye epizòd la te plonje Wilcinot, Nadège ak Samy nan ensètitid ki te swiv nouvèl asasina Prezidan Jovenel Moïse la, lavi ap kontinye nan Saint-Domingue… men atmosfè a pa menm ankò. Nan Episode 2, nou antre pi fon nan lavi pèsonaj yo pandan chak moun ap eseye kontinye ak aktivite pa yo, malgre kestyon k ap grandi sou sitiyasyon Ayiti a ak konsekans li kapab genyen sou lavi Ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikèn. Wilcinot kontinye jounen li pandan l ap reflechi sou avni li, etid li ak tout kestyon sitiyasyon an kòmanse soulve. Nan mitan tout enkyetid sa yo, li toujou jwenn yon ti moman pou l respire, jwe baskèt epi pale ak Nadège. Nadège, bò kote pa l, ap kontinye lavi pèsonèl li pandan li menm ak Wilcinot kòmanse reflechi pi seryezman sou fason yo pral chèche enfòmasyon pou konprann sa nouvo sitiyasyon an kapab reprezante pou yo. Men Samy… se Samy. 😅 Pandan lòt yo ap reflechi sou demen, li menm deside pwofite vandredi swa li. Yon senp sòti pral mennen l fè konesans ak Eveline, yon jèn Ayisyèn ki soti Côtes-de-Fer. Yon konvèsasyon ki te kòmanse senp pral kite pòt la ouvè pou yon nouvo koneksyon ant yo. Men lè Samy kite Eveline pou l retounen lakay li, li remake lè a gentan avanse anpil… 9:52 PM. Lari yo prèske vid. Lannuit fin tonbe sou Saint-Domingue. Pandan Samy ap mache pou l retounen lakay li, yon machin pwoche dèyè l… E kèk moman apre, de polisye kanpe anfas li. Poukisa yo kanpe Samy? Èske yo pral ale avè l? Kisa k pral pase l? Episode 2 fini la. Repons yo ap tann nou nan EPIZÒD 3 — LAVI AYISYEN NAN SAINT-DOMINGUE. . 🎬 Yon pwodiksyon MilleSECONDE PRODUCTION Seri sa fèt pou rakonte yon istwa dramatik atravè pèsonaj fiksyon, pandan li enspire de yon kontèks istorik reyèl. Objektif la se mete lavi, relasyon, rèv, difikilte ak eksperyans Ayisyen k ap viv nan Saint-Domingue nan sant istwa a. Seri a fèt pou yon piblik laj, avèk yon atansyon espesyal pou evite sèn ki pa apwopriye pou timoun. 💬 Kounya se tou pa w: Dapre ou menm, poukisa yo kanpe Samy? Ekri teyori pa w nan kòmantè yo. Pa bliye LIKE 👍, PATAJE 🔁 epi ABÒNE 🔔 pou w pa rate EPIZÒD 3 a. LAVI AYISYEN NAN SAINT-DOMINGUE EPIZÒD 2 | SAISON 1 MilleSECONDE PRODUCTION © 2026 #LaviAyisyenNanSaintDomingue #Episode2 #MilleSECONDEProduction #SerieHaitienne #AyisyenNanDominikani #Haiti #SaintDomingue #SerieKreyol